Vous etes ici: Accueil > Tableau de bord >2022 : Se pou Ayisyen rive rankontre !

2022 : Se pou Ayisyen rive rankontre !

Publié le vendredi 31 décembre 2021

Mesaj Groupe Medialternatif nan okazyon joudlan

Mezanmi, peyi nou nan pasaj. Sa ki ka fete ap fete. Fete se depanse, se manje, bwè, men tou se pataje. Pataje, menm nan bat dlo pou fè bè. Lespri pataj, se rekonèt lòt la egziste, se jwenn yon koneksyon ak lòt la.

Konekte moun nan yon peyi ki dekonekte depi twò lontan. Sa gen gwo konsekans sou pratik kiltirèl ak respè tradisyon yo.

Kouman pou fanmi yo, zanmi yo reyini ? Kouman pou yo rive pataje yon soup joumou, yon ti kremas, pandan pikan kwenna simaye toupatou ?

Swè pou nou rive rankontre ansanm, se yonn nan pi gwo swè pou Ayiti jodi a. Se yon kokenn defi.

Rankontre ansanm. Mete enèji ansanm, pou kreye espas lavi, anfas lanmò ki tounen lonbray nou chak.

Rankontre ansanm pou pran fòs, pou kwape fòs fè nwa, ba yo kanpe lwen, pou nou kapab reprann yon pwojè peyi pou nou tout.

Reprann pwojè souverènte Ayiti k ap trase wout, epi ki pèdi wout depi 1806.

Men defi nou pou tan k ap vini yo.

Se ve sa a Gwoup Medialternatif ap fè nan okazyon joudlan an ak 218e anivèsè endepandans Ayiti. L ap swete sante, pwosperite, lapè pou tout manm ekip AlterPresse, AlterRadio, Accès-Médias, MediaTic ansanm ak fanmi yo. Nou voye swè sa yo tou pou tout patnè, tout enstitisyon k ap apiye travay nou epi tout piblik nou an.

Se pou Ayisyen rive rankontre.

Dèlma, 30 desanm 2021

Gotson Pierre Kòdonatè GM